Nan yon entèvyou li te bay nan emisyon Konpa Trafik sou platfòm Tele Pam, chantèz gwoup Zile a, Anie Alerte, te pwofite prezante nouvo albòm li “Vwayaj”, ki te sòti ofisyèlman 7 jen 2025. Entèvyou sa a pa t sèlman baze sou mizik, li te chaje ak emosyon ak anpil verite. Atis la te pwofite pale sou eksperyans pèsonèl li, pandan li mete aksan sou batay li kòm manman, antreprenè, epi sitou kòm fanm ki te oblije rebati tèt li sou nouvo baz.
Nan ecjanj li, Anie Alerte fè konnen li se manman twa pitit, men se Lulu, dènye pitit li a, ki te vin tounen yon sous enspirasyon espesyal pou li. Li eksplike kijan lanmou sa a te ede l chita pi fò sou valè l kòm moun, kòm fanm. Anplis de sa, Anie revele bò antreprenè li: li te suiv fòmasyon nan lekòl kwizin epi li posede biznis pèsonèl li, ki rele Le Génie Restaurant.
Lòt aspè nan repons li tap bay sou plato a te chita sou kriz pèsonèl li te fè fas pandan ane 2024, kote li admèt li te pèdi ekilib lavi li. Sepandan, li rekonèt se gwoup Zile ak timoun li yo ki te pouse l reprann kontwòl sou lavi l.
Anie Alerte, te pwofite bay eksplikasyon sou non “Zile” ki pa t chwazi pa aza. Li eksplike ke non sa a senbolize renesans li pandan li pa sispann mete lanmou l pou peyi a an priyorite. Pou li, se yon mo ki montre patiyotis ak angajman li pou Ayiti. Nan moman kote anpil moun ap kouri kite peyi a, li chwazi sèvi ak kreyativite li pou fè ayisyen sonje tout bèl bagay nou kapab ofri. Anie Alerte se pa sèlman yon atis, men yon vwa, yon direksyon, yon limyè pou lòt fanm ki ap chèche re-bati tèt yo.
One thought on “Anie Alerte, yon manman, yon antreprenè, yon fanm djanm”