Dosye Zenglen – Dwa dotè : Gracia Delva mete limyè sou plis pase 20 an neglijans

Dosye Zenglen - Dwa dotè : Gracia Delva mete limyè sou 20 an neglijans - Tele Pam

Sou platfòm TelePam, ansyen chantè Zenglen an, Gracia Delva, kase chenn silans li sou gwo dosye dwa dotè k ap fè pale anpil nan jou sa yop. Konfli ant ansyen manm gwoup la, kesyon kontra ki pa t janm egziste, konsa Gracia mete tout kat sou tab.

Gracia Delva te pwofite mikwo TelePam, nan Konpa Trafik, bay avi pa l sou konfli kap fè bri nan mitan ansyen konpayèl li yo: Brutus, Ritchi, e menm manm ekip jesyon Zenglen an. Daprè li, tout bagay te fèt “sou feeling”, pa t gen okenn kontra ekri. Li eksplike kijan premye albòm yo a “5 Dwèt” te fèt avèk sipò finansye Lionel Beeper, kote Ritchi te resevwa yon chèk $15,000. Pi devan, Ritchi ta mande 70% nan pwofi albòm “5 Kontinan”, e yo te bay li. Gracia mete aksan sou respè prensip nan biznis epi li deklare klèman: “Depi w touche, w touche.”

Li pale de lòt envestisman tou, tankou $300,000 Richard Urbain te mete pou albòm “Yo remele” a, kote li menm te touche $50,000. Li pa mande lajan, paske li te touche. Men, li soulve kesyon esansyèl: kiyès k ap touche dwa Royalties yo jodi a? Pou Gracia Delva, tout sa montre yon pwoblèm konsyans. Anplis, li salye Joé Dwèt Filé pou siksè li ki, dapre li, se yon viktwa pou Konpa Dirèk, men li soulinye ke prensip ak chita pale se sèl chemen pou regle lit sa yo ki gentan tanmen.

Li tris pou nou konstate anyen entèprèt mizik Kontwòl la ak tout djaz la se jis chante yo te chante l; men yo pa t fè anyen anplis. Jodi a, an 2025, reyalite mizik sa frape yo pi rèd. Plis pase 23 lane apre, mesaj la pa pèdi sans li — li tounen yon reyalite ki ap fè anpil mizisyen reflechi sou fason yo te jere tan pase yo.


Sou menm sijè a : Le droit d’auteur : un pilier négligé de l’industrie musicale haïtienne

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *