“Yo sèvi ak mikwo pi mal pase zam!” — Vag Lavi debake sou TelePam, li denonse ipokrizi, bif, ak zak “teroris” nan mizik Ayiti

“Yo sèvi ak mikwo pi mal pase zam!” — Vag Lavi debake sou TelePam, li denonse ipokrizi, bif, ak zak “teroris” nan mizik Ayiti

Vag Lavi frape fò sou platfòm TelePam, kote li reponn kesyon plizyè animatè san filtè, tankou Louco Désir, Benjerry, DJ One ak Max. Li pale sou bif ak ipokrizi nan endistri a, epi li poze kesyon serye sou wòl moun ak mikwo yo, sila yo ki detwi plis pase yo konstwi. Ki diferan pou li sèvi ak lang Kreyòl tankou yon zam entelektyèl pou klere pozisyon li.

Nan entèvyou li sou TelePam, Vag Lavi montre l kòm yon mèt pawòl ak eslogan, yo te mete aksan sou kapasite li pou jwe mo yo ak figi estil nan lang Kreyòl la. Li raple li gen eslogan pou 2000 an, pandan bwodè pap viv 100 an. Li pa sispann mete aksan sou jan sosyete a limite atis, e li pale sou deklarasyon Antony Drew ki, akoz “animatè CashApp” (jan atis la di l la), ki di Drew pa konprann biznis mizik an Ayiti. Atis la pa rate okazyon pou l kalonnen animatè sa l jije ki te mal pale.

Yon lòt bò li mete aksan sou endistri mizik la: koze pati pri, si ou pa sou bon lis la, ou sou bòykòt. Pandan l tap pale sou koze bif ak Tony Mix lan, Vag Lavi te klè : li pa kenbe rankin pou Dj a. Si biznis lan mande sa, li pare pou l kontakte l pou yon evènman menm si sa pap rapòte lajan. Li di sa ak imaj fò:

“Menm Jezi, si yo ta di m fè lapè avè l, m ap mande sa m te gen avè l.”

Pou li, bif la se yon eritaj kèk lòt Dj li te al bay bourad kite pou li aprè yo fin rekonsilye ak TonyMix. Men Vag Lavi montre maturite l: li vle lapè, li vle ini, e li mete tout nèg nan mizik devan menm responsablite sa paske li montre menm bandi yo jwenn jan pou yo viv ansanm. Pou li, sa k ap fèt nan mizik Ayiti se yon kalite teworis sosyal kote anpil animatè ap kraze karyè atis, sou baz lajan oswa egoyis.

Vag Lavi pa pale tankou viktim, men tankou yon temwen ki viv jan mizik ka detounen kèk moun mete yo anfas ou. Li lonje dwèt sou ipokrizi, sou jalouzi, sou aktè kap mete dife ak mikwo yo san reflechi. “Gen moun ak mikwo ki pi gang pase bandi yo,” li di. Li rekonèt erè l, li fè chanjman pou jèn yo, men li pa vle silans sou sa ki pa mache: sa ki fè mizik tounen yon chan batay, kote yap bouche vwa atis yo, kraze kèk talan… Atis la te trè koyeran pandan l pa t janm sispann pwone inite nan endistri mizikal la.

One thought on ““Yo sèvi ak mikwo pi mal pase zam!” — Vag Lavi debake sou TelePam, li denonse ipokrizi, bif, ak zak “teroris” nan mizik Ayiti

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *