Nan nuit 13 jen 2025, pandan pwogram Summer Jam 2.0 ki te fèt nan Pearl of the Island Restaurant & Lounge, yon diskisyon te leve ant Ti Joe Zenny, lidè gwoup Kreyòl La, ak Richie, mayestwo gwoup Klass la. Ti Joe ak Kreyòl La te louvri sware a, men te gen ti dezakò sou ki moun ki ta dwe ouvè bal la pami atis yo.
Aprè Ti Joe te fin pèfòme, li te konkli ak koze sa : Èske se tout tan lap jwe ak Klass pou se li menm ki ouvè pou Klass ? Pandan yon lòt bò Patrick Fabre, reprezantan li Ozetazini, te konfime yo te antann konsa : “Joe nou pral jwe ak Klass, se ou menm kap ouvè”. Ti Joe tou te bay deklarasyon sa : Se te antant li, se te dizon li, se te kontra li ak Patrick Fabre pou sa k fèt la fèt.
Men, Richie pa t pran sa byen. Li reponn ak pawòl piman bouk : “Joe lè w ap fè pwogram pa w envite m, nap ouvè pou ou…” li de kontinye ak pawòl sa yo ki tankou yon base sou klou a : “Yo di w jwe Konpa, sispann ranse, sispann blablabla”.
Daprè enfòmasyon nou rive jwenn se te sèlman Klass ki te sou pwogram sware a ofisyèlman. Ti Joe menm te deja fè konnen li difisil pou l jwe ak New Look ak Klass, e li te sijere apre sware sa yo ka pa wè l jwe ankò ak Klass.
Sa ki klè, biznis mizik la mande bon jan planifikasyon ak kontra klè paske tansyon sa yo ka fè anpil domaj sou relasyon pwofesyonèl nan endistri a. Fanatik yo toujou ap tann bon mizik ak bèl pèfòmans men antretan, atis yo bezwen jwenn yon fason pou yo jere diferans yo san sa pa vire an konfli devan piblik la. Sware 13 jen an te montre yon lòt fwa malgre bèl ritm konpa yo, gen kèk defi k ap kontinye egziste dèyè sèn nan.
One thought on “Gwo bouch louvri ant Ti Joe Zenny Kreyòl La ak Mayestwo Richie Klass”