Atis la louvri kè l sou reyalite lavi dyaspora a, HMI la, e sou lanmou li pou Ayiti nan yon videyo kap souke rezo yo, atis Kolonel Freez lanse yon rèl dezespwa kont kondisyon lavi l ap mennen Etazini. Nan deklarasyon li yo, li pa mete dlo nan bouch pou denonse fristrasyon, depresyon, epi ipokrizi li konstate nan endistri mizik la ak nan reyalite dyaspora a. Konpare ak sa l te panse, eksperyans pèsonèl li fè, li reyalize Ayiti gen plis valè pase sa anpil moun imajine.
“Etazini difisil anpil”, se youn nan pawòl pi chokan Kolonel Freez mete deyò pandan entèvansyon li strong>Konpa Trafik sou platfòm One Show Pam. Li di li reyalize Ayiti pi bon pase Etazini sou anpil aspè, e se pa plis rezon ekonomik sèlman ki kenbe moun nan dyaspora a, men se plis sitiyasyon politik peyi a, sinon gen ayisyen k tap gentan tounen. Pandan l ap pale de fredi ekstrèm ki pa egziste nan peyi li, atis la deklare : “Si nou te mete tèt ansanm, nou ta ka di America, fuck that.”
Li regrèt fason li te konn panse moun ki t ap di Etazini difisil yo te rayisab Ayiti. Aprè l fin fè eksperyans pa li, li rekonèt se vini pou w vini, se wè pou w wè. Li mete aksan sou pri kay ki pa gen sans Etazini kote yon ti apatman konn koute $1500 e rive $3000 pa mwa, pandan an Ayiti nan zòn rezidansyèl tankou Vivi Mitchell, ou ka jwenn kay $4000 a $5000 pou tout yon ane.
Kolonel Freez pa t ezite denonse tou bòykotaj l ap sibi kòm atis nan HMI a. Li revele depi li kite Ayiti li toujou malad, sitou depresyon. Li denonse move pratik kote ti jèn pa jwenn chans, kote tout bagay mare an “ti kolòn” san konte barikad atis parèy li yo. “Fuck HMI”, se repons li bay pou yon endistri li dekri kòm pi sal pase politik Ayiti. Li mande pou yo mete l nan pwogram yo, e li di li dispoze jwe pou menm pou $3000, yon pri ki rizib konpare ak salè djaz ki touche $10 000 a $15 000, jis pou l ka mete yon bagay nan pòch li. Atis la menm pale de touye tèt li.
Reyalite Kolonel Freez mete sou tab la frape fò: depresyon, dezilizyon, ak soufrans, menm nan mitan sa anpil nan nou wè tankou “bon lavi” Etazini. Deklarasyon li yo pa sèlman revele doulè pèsonèl, men yo mete limyè sou kondisyon atis ayisyen ap viv chak jou, andeyò tankou lakay. Pou plis detay sou tout sa Kolonel Freez te gen pou l di, n ap envite w gade entèvyou konplè a sou Konpa Trafik sou TelePam ak platfòm YouTube One Show Pam.
Klike la pou w gade tout videyo a | Lòt sijè sou dosye HMI la