Plizyè ekspè ak jounalis mizikal tankou Max (Aktyalite HMI), Louco Désir, Billy, Dj One ak lòt aktè medya ak endistri a te sou plato Konpa Trafik pou diskite sou yon sijè ki fè bri : Fanm yo nan HMI la – Kiyès vrèman kap domine jodi a ? Non tankou Rutshelle Guillaume, Anie Alerte, Bedjine, Darline Desca, Vanessa Désiré, Fatima ak Dena Babe te sou tab la. Yon lis ki pa t ka fèt san mete non atis tankou Georgie, Sherly Degrottes, Nia, e menm gwoup tankou Riske ak 4×4 ki te make epòk pa yo.Menmsi kòmansman chak karyè diferan, men tout medam sa yo pote yon bagay espesyal. Sòti nan Digicel Stars rive sou pi gwo sèn konpa dirèk yo, medam yo chanje figi mizik Ayisyen an. Selon Louco Désir, Digicel Stars te yon gwo lansman pou anpil fanm, tankou Vanessa Désiré. Men Rutshelle ak Anie fè wout pa yo ak inovasyon, bon jesyon ak prezans solid sou sèn. Yo rive nan nivo kote yo ka “book” menm pri ak gwo djaz tankou Klass, Harmonik, Nu Look.
Fanm yo pa sèlman prezan — yo ap fè revolisyon tou. Rutshelle ak pwòp band pa li, Fatima ak ekip li, Anie ak Zile, Darline Desca ak enèji li, yo tout mete fanm yo pi vizib e pi respekte nan endistri. Tankou Billy, li kwè Rutshelle se grenn atis fanm kap mennen djaz li nan fason pa l, Anie gen bèl avni ak Zile, pandan Max mete aksan sou eksperyans yo. Louco Désir te menm bay referans tankou Tabou Combo ki te mete Anie Alerte sou sèn ak yo pou yo fè toune — se pa ti respè sa vle di!
Pou fini, medam yo montre yo ka fè plis pase jwe wòl dekoratif : yap dirije, yap inove, yap ede endistri a grandi. Si yo kontinye ak bon estrikti ak bon ekip, jan Louco di sa, gen yon moman nou ka jwenn plis fanm superstars pase mesye yo nan HMI la. Klike isit pou w gade videyo a epi tande tout deba a.