Gwo kriz nan HMI la : Richie Klass ak Ti Joe Kreyòl La fè sòti yo epi mete bagay yo kat sou tab

Gwo kriz nan HMI la : Richie Klass ak Ti Joe Kreyòl La fè sòti yo epi mete bagay yo kat sou tab

Ant akizasyon, repons byen file ak rivalite, yon seri gwo figi nan konpa, Richie Klass ak T Joe Kreyòl La, Roberto ak Reynaldo T-Vice ap fè odyans yo pale. Yon batay pawòl ki mete anpil kesyon sou dinamik endistri mizik ayisyen an sou tab.

Nan dènye semèn yo, sèn HMI a tounen yon veritab chan batay kote Richie Klass, lidè gwoup Klass, ak Ti Joe, chantè Kreyòl La, ap regle kont yo devan piblik la. Zafè a kòmanse nan yon videyo Richie te sòti pou eksplike : Reynaldo, mizisyen T-vice, te deklare nan emisyon Evens Jean – “li t ap boykote Klass e menm deploge yo pou anpeche yo jwe“. Yon zafè ki pa t fè Richie plezi paske lap sipòte T-Vice depi nan “Tu me touches”. Sa k pi di a, yo sa plis pase “10 fwa sou 12”. Poutan nan demen, Richie di Reynaldo voye yon mesaj pou l di ke li pa t ap janm fè yon bagay konsa, pou sa Mayestwo a reprezante pou yo.

Yon lòt bò, li pa t manke reponn akizasyon mesye T-Vice yo ki di li ak Pipo pa t salye yo lè yo te kwaze nan yon vwayaj soti Boston pou Miami. Pou Richie, se manti, paske li menm li pa t wè yo, e li kategorik tou pou l di menm si li te wè yo, li pa t ap santi l oblije salye yo.

Bagay yo kòmanse tout bon nan nuit 13 jen 2025, pandan pwogram Summer Jam 2.0 ki te fèt nan Pearl of the Island Restaurant & Lounge kote T Joe te fè yon deklarasyon ki fè anpil bri. San bliye lè li di nan televizyon: “Lè peyi sa debloke, l ap tann djaz kap soti aletranje yo ak wòch nan men l nan ayewopò pou l lapide yo, paske sa k pral genyen an se pou atis kap viv an Ayiti yo.” Pawòl sa yo te fè Richie Klass reponn ak iwonik, lè li di: “Si w te mean sa vre, li te ka vle di yon bagay pou mwen…” Richie rele sa “fake”, men li rekonèt T Joe te fè yon kou entelijan pou fè moun pale.

SOU MENM SIJÈ A : Gwo bouch louvri ant Ti Joe Zenny Kreyòl La ak Mayestwo Richie Klass

Men, li pa t rete la: Richie di ke mesye yo ap chèche atansyon, men yo pa gen tout pouvwa yo kwè yo genyen an. Li touche tou zafè akizasyon T Joe sou li ak Arly Larivière, ki ta vle fè kwè yo se “gang HMI” la.

Ti Joe, nan bò pa li, pa t rete san repons. Li di rivalite jwe avan an, se yon estrateji Klass ak Nu Look pou atire atansyon, paske djaz ki fèmen bal la toujou parèt kòm pi gwo djaz. Li eksplike Klass ak Nu Look ap pèdi tèren paske yo pa gen menm nivo òganizasyon ak ekip pa yo, e medya yo ap alimante konpetisyon sa yo tou.

Sou pwoblèm sa T Joe ajoute ke menm Gazzman, Shabba, Bedjine ak K-Dilak te pale de pwoblèm sa yo, men kòm se li ki nan mitan zafè a, li tounen yon “pwoblèm”. Li admèt li te konn anmède Klass ak Nu Look, men se te pou biznis, pa anyen pèsonèl. Konsènan mo “fake” Richie te itilize a, T Joe di li te di sa nan bal la, e li pa santi l oblije jistifye tèt li.

Men, li t ap avanse tou pou eksplike deklarasyon l sou koze kanpe ak wòch pou “lapide” djaz aletranje yo, e li akize Richie kòm moun te dèyè zafè sa yo, ak tout ekip Klass la ki sanble gen menm diskou kòm yon konplo. Pou atis la, konpòtman Richie yo se yon deklarasyon “lagè” ki riske trennen tout endistri a desann.

Kriz sa a montre yon HMI ki toujou ap chèche balans nan nivo pwofesyonèl. Richie Klass ak T Joe Kreyòl La, atravè akizasyon ak repons yo, montre enpòtans defi endistri mizik ayisyen an : mank estrikti a gen ladan, bagay sa yo dwe gen kout zye ak bon jan desizyon ki pran.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *