Leicka Paul ou Queen of the Caribbean : Yon lòt Vwa Fanm nan Endistri Mizik la

Leicka Paul ou Queen of the Caribbean : Yon lòt Vwa Fanm nan Endistri Mizik la

Atis Leicka Paul, youn nan figi k ap monte nan mizik karayib la, te parèt sou piblik la ak yon vèsyon konpa rafine mizik “Pa Fè Mwen Lapèn” — selèb chantè Eric Virgal te sòti,nsa gen plizyè lane. Pandan li t ap patisipe nan KonpanTrafik, yon emisyon kiltirèl sou Télé Pam, Leicka te reponn kesyon Louco Désir, DJ One, Billy Lookn ak kèk lòt zanmi sou Plato a. Yon entèvyou kote li pa sèlman pale sou mizik, men li te onèt pou fè yon ti rale sou lavi l kòm fanm, manman, ak atis.

Leicka prezante tèt li kòm yon enfimyè, yon manman selibatè, depi aprè divòs li, kinsekans eksperyans difisil nan maryaj li. Li gen yon pitit fi 5 lane. Li di manman l se pi bon zanmi l, epi jodi a li chwazi viv san gason, li konsantre sou karyè li ak byenèt li.

Leicka te gen rèv sa lontan pou l te konte ak mesye T-Vice yo. Se mizik “Pa fè mwen lapèn” lan ki mete l bò kote Roberto Martino (T-Vice). Se Shedly Abraham ki pwodui mizik la, yon kolaborasyon ki te fè kèk egri sou rezo yo, ki te menm rele Eric Virgal pou reklame dwa dotè sou mizik la, malgre l te bay konsantman l. Se Virgal li menm ki te konseye l chèche yon vwa pi jèn, e se konsa li jwenn Roberto Martino. “Li te sou lis opsyon m,” Leicka eksplike, e li te kwè se pa ti rèv ki t ap reyalize. Mizik la, melanje ant nostalgie Zouk ak chalè Konpa, jwenn bèl akèy sou YouTube e lòt rezo, malgre yo te fè retire l sou Spotify. Wi, selon atis la, plis pase 10 Ayisyen te kontakte Eric Virgal pou mande l fè mizik la desann. Men Virgal te kanpe djanm li te di : “Kite ti fi a viv rèv li.”

Selon Leicka jodi a se fanm yo k plis ap domine HMI la. Atis la menm ale pi lwen : “pou yon fanm reyisi nan mizik, li pa sifi konn chante. Ou dwe gen prezans, konfyans, ak karaktè”. Se konsèy li bay pou jèn fanm k ap eseye antre nan endistri mizik la. Yon lòt bò li refize rantre nan jwèt konpetisyon ak lòt fanm, li plis wè l kòm yon Queen of the Caribbean. Misyon l se mete mizik Ayisyen an sou plan mondyal, tankou Joé Dwèt Filé ap sa.

Leicka anonse yon pwochen mizik — ak videyo — ki pale de desepsyon li viv, chòk emosyonèl apre maryaj li, e kijan li leve kanpe. Mizik sa a, li di, se pa sèlman yon chante, men yon temwayaj pou fanm ki pase pa menm doulè a. Malgre tout sa, li di li evite “zen ak meli-melo sektè a”. Li prefere kenbe tèt li lwen konfli, epi konsantre sou mizik ak pwojè l yo.

 

Gade entèvyou konplè Leicka nan KonpanTrafik sou YouTube :

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *