Konfli piblik ki opoze Richie Klass, T-Joe Zenny, ak frè Martino (Roberto ak Reynaldo) ap fè anpil pale nan HMI la. Dosye a, ki deja pran yon wout ki gen danje, mete anfas plizyè gwo pilye mizik Konpa a. Sa ki ta dwe louvri lespri nou sou konsekans ki ka mennen pi lwen pase senp dezakò atis yo. Sitiyasyon an mete anpil kesyon sou valè atis yo ta dwe bay piblik la ki se bòs yo, sou solidarite nan mitan djaz yo, epi sou kapasite endistri a pou jere kriz yo ak matirite.
Sou plan legal, enplikasyon yo pa piti. Aksyon Richie Klass la, T-Joe ak Roberto ak yon latriye atis ankò kapab mete an danje imaj tout djaz yo, espesyalman si aksyon sa mennen nan desizyon ki fè Klass pa kontinye jwe ak T-Vice, Kreyòl la, lòt djaz elatriye… sou menm sèn oswa menm festival. Koze ki deja ap sikile sou Reynaldo T-Vice “deploge” Klass la, soulve kesyon sou dwa ak aksè nan espas espektak yo ki pa toujou klèman reglemante nan endistri mizik nou an. Lè dwa ak emosyon konfonn, se ta dwe lalwa ki pou mete lòd pou evite gwo derapaj. Èske sa pral rive la ?
Piblik la, ki toujou se fòs ki soutni djaz yo, ka tounen pi gran viktim. Nan mitan tout pale anpil sa yo, gen mo ki soti ki mete dosye koulè po a sou tab la. Se pa premye fwa aspè sa leve nan HMI la, men chak fwa li remonte, li kraze plis pase li konstwi. Lè atis yo chita louvri baryè diskriminasyon—swa konsyan oswa sans konsyans—yo voye yon move mesaj bay jenerasyon kap suiv. Mizik se youn nan dènye espas limanite rete pou viv ansanm. Nou pa ka kite li tounen yon zòn kote rasis, ostilite pèsonèl, ak move politik fè lalwa.
Li lè pou atis yo mete tèt yo ansanm pou mete fen nan konfli sa a anvan li fè ravaj tankou dife. Nou deja nan yon sosyete kote divizyon ap taye banda sou nou, epi mizik—ki te toujou yon medyòm rekonsilyasyon—pa dwe tounen zam destriksyon. Se tan pou lidè nan HMI la leve vwa yo pou mete etik, respè, epi transparans nan relasyon yo. Rivalite ka egziste, men li pa dwe depase liy respè moun ak diyite endistri a. Epi li tap enpòtan pou bagay yo fèt sou papye jan sa ye nan tout lòt endistri mizik ki respekte tèt yo. Paske yon kontra rete yon kontra depi pati yo siyen obligasyon yo se respekte tèt yo ak sa k siyen an. Sa ki soulve yon gwo kesyon : “Kilè nap mete lòd nan HMI la ?”