“623” — Joverlein Moïse chante doulè, memwa ak lanmou pou papa l, Prezidan Jovenel Moïse

“623” — Joverlein Moïse chante doulè, memwa ak lanmou pou papa l, Prezidan Jovenel Moïse

Lanmò prezidan Jovenel Moïse, asasinen anndan kay li nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021, make istwa Ayiti e brase lemonn antye. Kat ane aprè trajedi sa, Joverlein Moïse, pitit gason ansyen chèf Leta a, deside pran lapawòl li — pa nan yon diskou politik, men atravè mizik. Se konsa, li lanse “623”, yon mizik ki makonnen emosyon, memwa ak omaj, kòm premye pawòl atistik li sou zak sa ki boulvèse lavi li ak tout fanmi l.

Se depi Monreyal, Kanada, kote li ap viv, Joverlein te prezante mizik sa sou platfòm Guy Wewe Network, 7 jiyè 2025 — menm dat yo te touye papa l la. Yon fason pou mete mizik la nan memwa kolektif pèp ayisyen ak tout moun ki te touche pa zak sa. Mizik la se pa sèlman yon chan, li se yon chay, yon kont, yon lanmou ki pa janm mouri.

Joverlein Moïse pa sòti nan yon fanmi mizikal, men li pote nanm yon atis. Li di li te kòmanse chante depi nan adolesans li, alantou 14–15 an, pandan li te lekòl nan zòn Côte Plage, Komin Carrefour. Men, li te tann 2024 pou mete premye mizik li deyò, ki pale sou papa l ofisyèlman, men depi 2018 li te ouvè pòt karyè li kòm atis.

Anvan sa, li te angaje l nan lòt domèn. Apre etid teknik li nan Mekanik ak Syanzimèn nan Kanada, li te vle pousuiv etid nan sosyoloji, men li te oblije mete sa sou kote pou l tounen Ayiti lè papa li t ap mete kanpe kandidati li pou prezidans. Joverlein pa t mache sou rès papa l: li te gen biznis pa l, li te konn vann machin, te fè enpò-ekspò ak agrikilti. Li te konn vann piman, fè komès—yon vi bien lwen sèn politik ak laprès.

Relasyon Joverlein Moïse ak Papa l

Pou Joverlein, Jovenel Moïse pa t sèlman prezidan Ayiti, li te papa l, yon min lò, yon modèl pou li. Yon nonm ki te mete valè sou travay di, sou inisyativ, ak sou vizyon pou devlope peyi a. Lanmò papa l te souke li fon e mete l devan youn nan pi gwo defi lavi l: jere doulè pèsonèl anba je piblik la.

SE TE POU MWEN YON MINDÒ, SE TE YON ANSIKLOPEDI VIVAN

Jovenel Moïse te tèlman enpòtan pou li se pou sa li mete kòm tit twa chif nimewo telefòn papa l kòm tit mizik la: “623”. Yon detay ki pote anpil chay emosyonèl, se pou sa li mete pawòl sa sou kouvèti mizik la: “Papa ou anfòm map rele w, m pa ka jwenn ou.” Se tankou yon kri nan telefòn silans lan, yon dyalòg ki pa jwenn repons.

Mizik, Terapi ak Angajman Entèlektyèl

Depi lontan, Joverlein Moïse ap prepare tèt li pou l pa parèt kòm viktim, men kòm yon sitwayen reflechi. Se sa ki fè li le te lanse etid nan filozofi ak syans politik — yon fason pou l mete distans ak emosyon e antre nan zòn refleksyon ak analiz.

Avèk enspirasyon ak sipò zanmi l, li te kontinye eksplore mizik. Li aprann jwe gita, li suiv kou pwodiksyon mizikal, e li fè premye demach atistik li anba non fiktif David, nan lide pou l pa mete limyè sa sou non fanmi l.

Mizik “623” se yon mizik ki pran plis pase de lane ap ekri, korije, rearanje, jis pou reyalize vèsyon li te santi ki pi pwofon ak pi otantik. Premye vèsyon mizik la te an angle, men li deside ajoute yon estwòf an kreyòl — li di se pati li pi renmen an — pou l montre rasin li, epi rann omaj a orijin papa li, ki te yon ayisyen.

Mizik sa dwe te sòti depi 2022, men li te pran tan li pou bay piblik la yon travay li te konsidere kòm konplè, paske l pèfeksyonis.

“623” : Yon Premye Pa, Men Èske se Dènye a

Daprè Joverlein Moïse soti “623”, pa lanse pou fè karyè fasil oswa chèche popilarite rapid. Se yon pwojè reflechi, chaje ak sans, e li bay ton sou sa k ap vini: yon atis ki sèvi mizik pou pale verite l, sou li menm, sou peyi li, sou sa l pèdi, e sa l swete,  brèf pou l fè terapi emosyonèl.

Lansman mizik “623” pa Joverlein Moïse envite nou reflechi sou doulè pèsonèl ki tounen chagren kolektif, sou enterè entim ki makonnen ak desten yon pèp.

Nan pawòl li, nan chwa mizikal li, Joverlein montre li vle fè pati pa l — ni kòm atis, ni kòm sitwayen, ni kòm pitit gason Jovenel Moïse. E nan fen videyo a ki sòt menm dat ak mizik la 7 jiyè, nap remake yo voye ba li, drapo Jan Jak Desalin lan, nwa e wouj, ak eslogan anperè a te genyen nan batay endepandans lan : Libète ou Lanmò.

One thought on ““623” — Joverlein Moïse chante doulè, memwa ak lanmou pou papa l, Prezidan Jovenel Moïse

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *