Se ak kout plim Toby, yon jèn rapè ki se bon zanmi Mechans T, granmoun lan eksprime tout sa l santi e li lage ak yon bèl vayb sou track la malgre mizik la gen anpil emosyon ki travese l.
Nou pa ka pa mete limyè sou kèk frap move, tankou punchline sa : “Nou gen plis prezidan ke teritwa ki safe” yon frap dirèk pou Leta ki te toujou rete pasif nan koze Wens Jonathan Désir ki se Mechans T.
Li eksprime nan mesaj sa kijan yo anvi wè atis la tounen lakay li, pandan l ap eksplike kijan manman l, li menm ak 3 pitit atis la kite yo ap soufri e yap tann li tou. Nan Mesaj Vokal li raple tout moun se atis la ki montre l rape pandan li menm li montre Mechans T lavi.
Youn nan pi gwo remak nou te ka fè nan travay sa, se fason l pale, tankou atis la vivan yon kote, se nouvèl li pa bay : “Sa pa t janm konn rive ki foli k pran w la menm ? Ki fanm ki pran w nan men nou menn, sak pase tòg la menm ?”. Nan pati sitou kote lap rale zòrèy li : “Fò m di w si w pa reponn wap gen pwoblèm avè m…”
Fason l fini mizik la montre fanmi an gen anpil espwa : “Ak lafwa pa gen anyen k enposib…” Fason pou l di yap tann li nan yon mesaj ki chaje emosyon, ann espere Mechans T ap reponn paske se sa tout yon peyi kap tann.
Lòt tèks ou kapab li : “623” — Joverlein Moïse chante doulè, memwa ak lanmou pou papa l, Prezidan Jovenel Moïse